Lè Chalè ki nan ko yon moun two cho, nou di li gen lafyèv. lafyèv la pa yon maladi, men se siy plizyè kalite maladi Tanselman, gwo lafyèv cho se yon danje, Sitou pou timoun pitit.
Sa pou Nou Fè lè yon moun gen Lafyèv:
- Dekouvri l net. Wete dènye rad sou timoun piti a, epi kite l toutouni jouk lafyèv la desann.
- Pran Aspirin pou desann lafyèv la. Nou ka bay timoun piti aspirin pou timoun, osinon yon moso aspirin granmoun ki gen 300mg. Men li pi bon pou nou bay timoun yo Asetaminofè.
- Nenpot moun ki gen lafyèv fèt pou li bwè anpil dlo, ji, ak lot likid. Pou timoun piti menm, sitou pou tibebe ki fenk fèt se pou nou bouyi dlo epi kite l frèt pou nou ba yo bwè.
- Chache konnen sa ki bay lafyèv la pou nou ka trete l mezi nou kapab.
Yon gwo lafyèv cho ka gen danje si nou pa desann li lapoula. Li ka bay moun nan kriz, li ka atake sèvo li (paralizi,kèe,malkadi). Pou timoun piti , gwo lafyèv cho se pi gwo danje toujou.
Lè gwo lafyèv la moute wo (depase 40 degre) se pou nou fè l desann lapoula:
- Kite moun lan toutouni.
- Fè van pou li.
- Vide dlo fre sou li osinon mete konprès dlo fre sou pwatrin li ak sou tèt li. Fè van sou konprès yo, chanje yo dri pou yo ka rete fre. Fè sa jouk lafyèv la desann (pi ba pase 38 degre).
- Ba l bwè anpil dlo fre.
- Ba l renmèd pou desann lafyèv la. Aspirin bon pou sa.
Doz: (Aspirin granmoun 300mg).
Moun ki depase 12 lane: bal de grenn chak 4èdtan.
Timoun 6rive 12 lane: yon gren chak 4ètan.
Timoun 3 rive 6 lane: mwatye grenn chak 4èdtan.
Timoun ki poko gen 3 lane: 1/4 gren chak 4èdtan.
Si yon moun ki gen lafyèv pa ka vle aspirin lan, kraze l , fonn li nan yon ti dlo epi foure l lan two dèyè li tankou yon lavman, osinon foure l nan two dèyè l ak yon sereng san zagwi. Gen doktè ki pito bay asetaminofèn (parasetamol) ki bon pase aspirin pou timoun piti
Rekomande: Kriz Kè ( Paralizi, Konjesyon serebral, Aksidan ven Sèvo)
Rekomande: Kriz Kè ( Paralizi, Konjesyon serebral, Aksidan ven Sèvo)