9/13/2018

KRIZ KÈ

Kriz Kè ( Paralizi, Konjesyon serebral, Aksidan ven Sèvo)

Ki fè granmounn yo fè kriz kè, paralizi, sa rive lè yo gen boul sankaye o yon emoraji nan sèvo. Nou de se kriz moun lan fè paske maladi a vini san bay avètisman. Moun lan annik rete konsa li tonbe, li pèdi konesans. Lè konsa, li dekonpoze, souf li kout, batman kè li fo, men li pa rapid. Li ka tonbe nan koma, li pèdi konesans pandan de twazèdtan O kèk jou. Si li pa mouri, li ka gen pwoblèm tankou: pa ka pale byen, pa kalkil byen (tèt la pa travay byen). Konsa tou, tout yon bo figi l ak tout yon bo ko l ka paralize. Lè kriz la fèb ( lè se yon ti kriz li fè) li ka gen menm pwoblèm sa yo san li pa janm pèdi konesans (tonbe nan koma). Men, menm si pwoblèm sa yo pa rive disparèt nèt apre kèk tan, moun lan ka fè yon refè.


Tretman:

Mete Moun lan kouche avèk tèt li pi wo pase pye l. Si li pèdi konesans, voye tèt li yon ti jan sou deyè, epi vire l sou kote, konsa krache li ka koule soti nan bouch li, li pap pase nan ti gojèt li al nan poumon l. Pandan tout tan moun lan nan koma, pa bal manje, pa bal bwè, pa ba l okenn remèd pou l vale. Si gen posibilite voye chahe doktè.

Apre kriz la si moun lan gen pati nan ko l ki rete paralize, ede l mache ak yon baton. Ankouraje l Sèvi ak bon men an poul okipe tèt li. Men se poul evite fè travay lou, evite fè kòlè.

Atansyon:

Si yon jennmoun O yon moun antdezaj rete konsa li gen yon bò figi l ki paralize, san li pa gen okenn lòt kriz kè, se ka yon nè figi l ki paralize, men pou yon tan, pa pou toutan. Apre kèk senmen O detwa mwa, lap pati jan li te vini. pèsonn pa ka di sa ki lakòz maladi sa a. Pa gen remèd pou sa. Men konprès dlo cho ka ede anpil. Si nou gen yon je ki pa ka fèmen, fènmen l ak yon mòso adezif aswè avan nou al dòmi. Kosa,  je a pap cheche.


ReKomande: Glann Pwostat La Anfle

No hay comentarios.:

Publicar un comentario