Lè Nou Manyen yon bagay san nou pa ale avèl, Lè nou manje yon manje ki soti sou nou osinon lè nou pran yon piki, osinon lè nou pran sant yon bagay ki pa ale ak nou sa ka lakòz nou vin gen yon gratèl osinon glòb sou tout kò nou.
Glò Yo fè douk osinon plak anfle ki sanble piki myèl epi yo grate. Yo ka ale vini osinon yo ka mache, yon lè nou santi yon kote, yon lòt lè yon lòt kote.
Veye pou wè ki reyaksyon yon moun ka fè apwe li pran kèk kalite renmèd, sitou piki penisilinn ak sewòm kont pwazon osinon antitoksin ki fèt ak sewòm chwal. Yon sèl gratèl osinon glòb ka parèt yon ti kadè pwe li pwan piki a. Konsa tou, li ka tann rive 10 jou anvan l parèt.
Tretman Gratèl:
- Benyen nan dlo fre osinon mete konprès fre (twal mouye nan dlo fe ou dlo glase) kote kap grate ou yo.
- Kompwès fèt ak dlo avwan fre o dlo lanmidon kapab kalme gratèl la. Bouyi avwan lan nan dlo, koule li, epi sèvi ak dlo a lè li frèt ( lanmidon ka sèvi nan plas avwan).
- Si gratèl lan rèd, pran yon ti anti-istamin tankou klofeniramin.
- Pou anpeche yon ti bebe grate kò l, koupe zong li kout, osinon mete gan ou chosèt nan men li.
Rekomande : Vant Fèmal Kolik
No hay comentarios.:
Publicar un comentario