Men kèk ti konsèy pou nou swiv jan wè malad la ye:
- Yon ti dyare ki pa rete. Pa gen fyèv (lestonmak li deranje? Grip entestiinal?)
- Bwè anpil dlo. Nomalman li pa bezwen remèd. Pou sere moun lan, nou ka ba li yon konpoze kaolen ak pektin, tankou kaopektak, men sa pa janm nesesè. Lè fini sa pap anpeche moun lan manke dlo, ni sa pap edel mete enfeksyon an deyo. Poukisa anko pou nou gaspiye kob achte l? Tout jan se pa pou nou bay moun ki malad anpil yo, ni timoun ki piti remèd sa a.
- Si moun lan gen gwo kolik ak kranp nan vant, Se pou nou ba l yon bagay pou desann doulè a, tankou beladon.
- Dyare ak Vomisman ( Gen anpil bgay ki ka bay sa)
- Si yon moun gen dyare epi lap vomi anmentan, lap manke dlo nan ko li pi vit, sitou pou timoun piti. Se yon bagay konsekan pou nou ba li ti sewom lan, te,kola, osinon nenpot likid li ka bwè. Ba li bwè kèk goje tanzantan chak 5 a 10 minit konsa. Si vomisman an pa rete, Nou ka ba li ti remèd tankou pwometazin osinon fenobabital.
- Si nou pa ka jwenn bout vomisman an , osinon si nou wè lap fin chèch paske li deja manke twop dlo, voyel nan dispansè,kouri kay doktè avèl.
- Dyare ak glè epi san. Li pa vle rete . Pa gen lafyèv. (se kapab dyare o ti parizit yo rele amib yo bay.
- Sèvi ak tetrasiklinn, metwonidazol osinon pou pi bon, toulède ansanm. Pran remèd yo jan yo di pou nou pran yo a. Si dyare a pa rete apre tretman sa a , voye li nan dispansè, chache wè doktè.
- Gwo dyare ak lafyèv, li ka gen san, li ka pa gen san. ( Disantri? Lafyèv tifoyid? Malarya?)
- Si moun ki gen dyare a gen lafyèv ki kenbe la pou 6 Zèdtan apre nou koumanse ba li sewom oral la epi si nou ta wè li vle malad anpil, ba li anpisilin si noun kapab, Osinon ba li tetrasiklin.
- Si eta moun lan ba anpil. osinon si li pa refè ak anpisilinn lan osinon tetrasiklinn kan ,voye li nan dispanè wè doktè. si nou wè kèk siy ki ta fè nou kwè se lafyèv tifoyid li genyen, ba li kloramfenikol.
- Si se kote ki gen malarya falsiparum lan anpil, li bon pou moun ki gen dyare ak lafyèv pou yo pran yon ti klowoki sitou si yo gen gwo larat.
- Dyare jon, ki gen sant ak kim ladan l, men ki pa gen ni glè.
- Se kapab yon ti parazit tou piti yo rele gyadya ki bay li, osinon se ka malnitrisyon ki bay li. Nan toude ka yo, Sèl remèd se ba li anpil likid, bon kalite manje, epi fok li poze ko li. Lè enfeksyon gyadya a grav anpil, nou ka bay moun lan metwonidazol , Mepakrin ( Atarin ) pi bon mache, men li pa bon takou premye a.
- Dyare Vant mennan ( dyare ki ale vini oubyen ki donnen).
- Se malnitrisyon ki pi fasil ka fè sa. Se kapab tou paske moun lan gen yon enfeksyon tankou sa amib bay. Veye pou timoun lan manje plis bon kalite manje sitou manje ki gen anpil pwoteyin ladanl. Si Dyare a pa rete, mennen malad la nan dispansè wè doktè.
- Dyare ki sanble ak dlo diri. (kolera?).
Rekomande: LaFyèv
No hay comentarios.:
Publicar un comentario