Maladi Sa a se granmoun gason ki pi fasil genyen l. Lè Konsa glann pwostat la ki chita ant blad pipi a ak gwo kannal pipi a vin anfle.
- Moun lan gen pwoblèm pou li fè pipi osinon pou li fè poupou. Pipi a ka dougoute ase, men kannal pipi a ka sitèlman bouche moun lan ka pase plizyè jou san fè pipi.
- Si li gen lafyèv, se yon siy ki fè nou konnen li fè enfeksyon tou.
Sa Pou nou fè pou moun kap soufri Pwostat:
- Si moun lan pa ka pipi, lap eseye chita nan yon benwa dlo cho konsa. Si sa pa mache yo blije mete yon sonn pou li.
- Si li gen lafyèv ba li antibyotik tankou anpisilin O tetrasiklin.
- Chache wè doktè. ka ki donnen yo ka blije fè yon operasyon.
ATANSYON:
Sa bon anpil pou nou rekonèt sa ki maladi pwostat ak sa ki maladi ekoulman. Paske toude maladi sa yo kapab bouche kannal pipi a. Si moun lan granmoun, gen plis chans pou se yon pwostat anfle li genyen. Men yon jenn gason ki tee gen rapo ak yon fanm malam (detwa joy O detwa semenn avan) ka gen ekoulman.
ReKomande: PYÈ NAN REN
ReKomande: PYÈ NAN REN
No hay comentarios.:
Publicar un comentario