Depi Yon fanm gen doulè sou bò gòch osinon sou bò dwat vant li, Yo rele sa doulè vant osinon vant fèmal. Doulè a konn mache al nan mitan do a. gen divès maladi ki ka bay sa:
- Enfeksyon nan aparèy pipi a (ren, blad pipi a, kannal la).
- Enfeksyon, kis, timè nan matris osinon nan ovè yo.
- Kolik, gaz.
- Apendisit
KONJESYON:
Konjesyon se yon non yo sèvi pou divès maladi moun ka fè konjesyon ( nan tèt, nan Poumon, nan lestomak, nan kò yo).
Yo di yon moun fè konjesyon, lè li manje manje li pa fèt pou manje, manje yo di ki pa bon pou li, yon manje ki pa ale avèl, lè lap pran yon kalite renmèd, lè li anrimen, lè yon fanm fin akouche. Pou yo pa fè konjesyon, anpil moun malad, anpil fanm fin akouche pa manje yon seri manje ki ta byen bon pou yo.
- Deranjman nan manje gate: sa bay vomisman, dyare, kolik ak feblès.
- Alèji: Gen moun ki pa tolere yon seri manje (lanbi, chokola, eletriye) osinon yon seri medikaman, osinon piki tankou penisilin. Sa ba yo vomisman, dyare, yo swe frèt, yo gen difikilte pou yo pran souf, bouton ak gratèl parèt sou kò yo epi souf yo anlè. Deranjman nan lestomak, nan trip: Vomisman epi gwo vant fèmal . Difikilte pou pran souf ( ti kriz osinon gwo kriz): nemoni osinon lè yon gwo bagay kole nan gòj yon moun.
- maladi ki bay kriz osinon fè yon pati nan kò yon moun vin pòk: wè kriz, tetanòs, mennenjit, polyo, konjesyon sereblar.
- Atak kè. Sa pi fasil rive granmoun
Rekomande: Divès Kalite Tretman Pou Dyare
No hay comentarios.:
Publicar un comentario