9/19/2018

LAFYÈV RIMATIS

LaFyèv rimatis

Se timoun ak jennonm ki konn genyen l. Li toujou tanmen yonn Osinon 2 senmenn apwe moun lan gen malgòj.

Men jan pou nou rekonèt maladi sa a. Nou konn jwen twa siy o kat ladanyo:


  • LaFyèv
  • doulè nan jwenti sitou nan zo pouyèt ak nan zo je pye yo, apre sa zo koud bra yo ak zo jenou yo pran fè yo mal tou. Lè konsa jwenti yo vin anfle epi yo cho, yo vin tou wouj.
  • Gen yon bann tras wouj o ti boul ki parèt anba po a.
  • Nan ka ki pi grav moun lan fèb, souf li kout, li ka gen doulè nan kè tou.
Tretmant:

  • Si nou sispèk li gen lafyèv rimatis, mennen l jwen yon ajan sante paske li ka gen pwoblèm nan kè.
  • Bal  gwo  dòz aspirin. Yon timoun douzan ka pran 2 Ou 3 grenn aspirin 300mg 6 fwa pa jou. Bwè yo ak lèt ki gen ti bikabonat ladan l pou evite doulè lestomak. Si zòrèy moun lan tanmen kònen, desann dòz la.
  • Bal grenn penisilin 400.000 inite yon grenn 4fwa pa jou pandan 10 jou.
Prekosyon pou evite maladi sa a:

  • Pou pa gen lafyèv rimatis la se pou nou kraze kalite magòj sa a bonè ak penisilin pandan 10 jou. Pou tounen gen lafyèv rimatis ankò ak pou pwoblèm kè a pa vin pi mal, timoun ki te gen lafyèv rimatis la yon premye fwa dwe pran penisilin pandan dis jou kou l santi gòj li ap fèl mal. Si li deja bay siy li gen pwoblèm kè a, li dwe pase yon mwa ap pran piki penisilin benzatin. Konsa tou, li ka blije pran l chak jou, jouk li mouri. Tout jan, swiv konsèy doktè a O ajann sante a va ban nou sou sa.

No hay comentarios.:

Publicar un comentario