9/19/2018

LAFYÈV RIMATIS

LaFyèv rimatis

Se timoun ak jennonm ki konn genyen l. Li toujou tanmen yonn Osinon 2 senmenn apwe moun lan gen malgòj.

Men jan pou nou rekonèt maladi sa a. Nou konn jwen twa siy o kat ladanyo:


  • LaFyèv
  • doulè nan jwenti sitou nan zo pouyèt ak nan zo je pye yo, apre sa zo koud bra yo ak zo jenou yo pran fè yo mal tou. Lè konsa jwenti yo vin anfle epi yo cho, yo vin tou wouj.
  • Gen yon bann tras wouj o ti boul ki parèt anba po a.
  • Nan ka ki pi grav moun lan fèb, souf li kout, li ka gen doulè nan kè tou.
Tretmant:

  • Si nou sispèk li gen lafyèv rimatis, mennen l jwen yon ajan sante paske li ka gen pwoblèm nan kè.
  • Bal  gwo  dòz aspirin. Yon timoun douzan ka pran 2 Ou 3 grenn aspirin 300mg 6 fwa pa jou. Bwè yo ak lèt ki gen ti bikabonat ladan l pou evite doulè lestomak. Si zòrèy moun lan tanmen kònen, desann dòz la.
  • Bal grenn penisilin 400.000 inite yon grenn 4fwa pa jou pandan 10 jou.
Prekosyon pou evite maladi sa a:

  • Pou pa gen lafyèv rimatis la se pou nou kraze kalite magòj sa a bonè ak penisilin pandan 10 jou. Pou tounen gen lafyèv rimatis ankò ak pou pwoblèm kè a pa vin pi mal, timoun ki te gen lafyèv rimatis la yon premye fwa dwe pran penisilin pandan dis jou kou l santi gòj li ap fèl mal. Si li deja bay siy li gen pwoblèm kè a, li dwe pase yon mwa ap pran piki penisilin benzatin. Konsa tou, li ka blije pran l chak jou, jouk li mouri. Tout jan, swiv konsèy doktè a O ajann sante a va ban nou sou sa.

9/17/2018

DOULÈ ZÒRÈY AK ENFEKSYON ZÒRÈY

Doulè nan zòrèy ak Enfeksyon nan zòrèy


Se timoun piti ki pi fasil gen enfeksyon nan zòrèy. Enfeksyon an toujou tanmen kèk jou apre timoun lan gripe O lè nen l bouche. Lafyèv la ka vin cho sou li, Lè konsa timoun lan ap kriye epi lap grate bò zòrèy li. Kèk fwa zòrèy timoun lan konn gen pi. Lè yon timoun piti gen enfeksyon nan zòrèy, sa konn lakòz li gen dyare ak lafyèv. Fòk nou sèten nou gade anndan zòrèy li byen.

Tretman:


  • Timoun ki gen gwo doulè nan zòrèy yo kap koule depi mwens pase de senmenn: ba yo kotrimokasaòl ki gen 80 mg. Trimetiprim ak 400 mg. Silfametoksazòl de fwa pa jou pandan 5 jou. bay timoun 2 mwa rive ennan: mwatye yon grenn: timoun ennan rive kenzan: yon grenn; timoun kenzan O plis: 2 grenn.
  • Timoun ki gen zòrèy yo kap koule depi plis pase de semenn ki pa gen doulè ak lafyèv: pran yon sereng ki pa gen zagwi pou netwaye zòrèy la yon fwa pa jou ak dlo tyèd pwòp. Rekòmanse menm bagay la jouk dlo kap soti nan zòrèy la pwop. Cheche zòrèy la ak yon twal pwòp. Pa bouche zòrèy la ak koton, ak fèy O ak lòt bagay.

Pou  evite maladi a:

  • Moutre timoun yo pou yo pa mouche nen yo, men pou yo siye nen yo lè yo gripe.
  • Pa bay tibebe bibwon. Lè nou blije fè l, pa ba yo bibwon lè yo kouche sou do, lèt la ka pase nan nen yo al nan zòrèy yo pou ba yo enfeksyon an.
  • Lè nen timoun yo bouche, mete kèk gout dlo sale nan twou nen l yo epi rale larim lan met deyò.
Enfeksyon nan kannal zòrèy la:

Nap rale fèy zòrèy la tou dousman. Si zòrèy la fè timoun lan mal, konnen zòrèy la gen enfeksyon. Men sa pou fè. Nap mele 1 kiyè dlo bouyi ak 1 kiyè vinèg, na sèvi ak yon konngout pou mete kèk  gout nan zòrèy la, 3 O 4 fwa pa jou. Si timoun nan gen lafyè v, O si zòrèy la ap fè pi. nou ka bali antibyotik.

ReKomande: KRIZ KÈ

9/13/2018

KRIZ KÈ

Kriz Kè ( Paralizi, Konjesyon serebral, Aksidan ven Sèvo)

Ki fè granmounn yo fè kriz kè, paralizi, sa rive lè yo gen boul sankaye o yon emoraji nan sèvo. Nou de se kriz moun lan fè paske maladi a vini san bay avètisman. Moun lan annik rete konsa li tonbe, li pèdi konesans. Lè konsa, li dekonpoze, souf li kout, batman kè li fo, men li pa rapid. Li ka tonbe nan koma, li pèdi konesans pandan de twazèdtan O kèk jou. Si li pa mouri, li ka gen pwoblèm tankou: pa ka pale byen, pa kalkil byen (tèt la pa travay byen). Konsa tou, tout yon bo figi l ak tout yon bo ko l ka paralize. Lè kriz la fèb ( lè se yon ti kriz li fè) li ka gen menm pwoblèm sa yo san li pa janm pèdi konesans (tonbe nan koma). Men, menm si pwoblèm sa yo pa rive disparèt nèt apre kèk tan, moun lan ka fè yon refè.


Tretman:

Mete Moun lan kouche avèk tèt li pi wo pase pye l. Si li pèdi konesans, voye tèt li yon ti jan sou deyè, epi vire l sou kote, konsa krache li ka koule soti nan bouch li, li pap pase nan ti gojèt li al nan poumon l. Pandan tout tan moun lan nan koma, pa bal manje, pa bal bwè, pa ba l okenn remèd pou l vale. Si gen posibilite voye chahe doktè.

Apre kriz la si moun lan gen pati nan ko l ki rete paralize, ede l mache ak yon baton. Ankouraje l Sèvi ak bon men an poul okipe tèt li. Men se poul evite fè travay lou, evite fè kòlè.

Atansyon:

Si yon jennmoun O yon moun antdezaj rete konsa li gen yon bò figi l ki paralize, san li pa gen okenn lòt kriz kè, se ka yon nè figi l ki paralize, men pou yon tan, pa pou toutan. Apre kèk senmen O detwa mwa, lap pati jan li te vini. pèsonn pa ka di sa ki lakòz maladi sa a. Pa gen remèd pou sa. Men konprès dlo cho ka ede anpil. Si nou gen yon je ki pa ka fèmen, fènmen l ak yon mòso adezif aswè avan nou al dòmi. Kosa,  je a pap cheche.


ReKomande: Glann Pwostat La Anfle

9/12/2018

GLANN PWOSTAT LA ANFLE

Glann Pwostat La Anfle

Maladi Sa a se granmoun gason ki pi fasil genyen l. Lè Konsa glann pwostat la ki chita ant blad pipi a ak gwo kannal pipi a vin anfle.



  1. Moun lan gen pwoblèm pou li fè pipi osinon pou li fè poupou. Pipi a ka dougoute ase, men kannal  pipi  a ka sitèlman bouche moun lan ka pase plizyè jou san fè pipi.
  2. Si li gen lafyèv, se yon siy ki fè nou konnen li fè enfeksyon tou.

Sa Pou nou fè pou moun kap soufri Pwostat:

  • Si moun lan pa ka pipi, lap eseye chita nan yon benwa dlo cho konsa. Si sa pa mache yo  blije mete yon sonn pou li.
  • Si li gen lafyèv ba li antibyotik tankou anpisilin O tetrasiklin.
  • Chache wè doktè. ka ki donnen yo ka blije fè yon operasyon.

ATANSYON:

Sa bon anpil pou nou rekonèt sa ki maladi pwostat ak sa ki maladi ekoulman. Paske toude maladi sa yo kapab bouche kannal pipi a. Si moun lan granmoun, gen plis chans pou se yon pwostat anfle li genyen. Men yon jenn gason ki tee gen rapo ak yon fanm malam (detwa joy O detwa semenn avan) ka gen ekoulman.

ReKomande: PYÈ NAN REN

PYÈ NAN REN

Pyè Nan Ren


Siy kap fè nou konnen se maladi sa nou genyen:


  1. Li komanse ak yon gwo doulè nan ren, sou kote osinon anba ti vant osinon nan rasin pijon pou gason yo.
  2. Kannal pipi a ka bouche. Lè konsa li difisil pou moun lan pipi, li pa ka pipi menm. Oswa nou ka wè ti degout san lè moun lan komanse pipi.
  3. Moun lan ka gen enfeksyon nan aparèy pipi li anmenmtan.

Sa pou nou fè:

  1. Menm bagay nou sot wè talè a lè gen enfeksyon nan aparèy pipi a.
  2. Bay aspirin oswa nenpot lot renmèd pou kraze doulè a, ak yon renmèd pou lache misk yo (anti-espamodik).
  3. Eseye fè pipi kouche. Sa konn pèmèt ti grenn pyè yo woule tounen nan blad pipi a pou kite pipi a pase nan kannal lan.
  4. Nan ka ki grav anpil chache wè doktè. Gen ka ki mande Operasyon.


  • On vè Melas melanje ak Byè chak jou.
  • wap kase ze peyi epiw Pire sitro ladan l, kitel fè twa jou ap  trampe. Apwe bwèl pa 1 kiyè chak jou.
  • Graje Zonyon Peyi, Mete dlo kokoye Ole ladan, metel nan frijidè pou 1è, apwe ou bwe on vè chak jou.

9/10/2018

PLANT AK BAGAY KI LAKÒZ GRATÈl

Plant Ki lakòz Gratèl

Chadwon, plant ki gen pikan, pwa grate, ak anpil lòt plant ka lakòz zanpoud, boule osinon glòb ak gratèl leve sou po moun, Gen Kèk chini ak kèk lòt ti bèt ak zèl ki bay menm reyaksyon an tou. Gen bèt ak plant nan lanmè ki konn bay sa tou.

Nan moun kap fè alèji, lè chofi, o gratèl kap bay sòs parèt sou kò li, se ka kèk bagay ki touche ak po a O yo mete sou po a. Soulye kawotchou, brasle mont, remèd pou zòrèy ak lòt remèd, krèm pou figi, odè ak savon, tout bagay sa yo ka lakòz pwoblèm sa yo tou.

Tretman:

Tout isitasyon sa yo al fè wout yo pou kont yo lè bagay ki lakòz yo a pa touche po a ankò. Yon pat fèt avèk avwan O lanmidon mele ak dlo ka ede kalme gratèl la. Aspirin ak anti-istamin ka ede nou tou. Lè ka grav, nou ka sèvi ak krèm ki gen kòtizon O kòtiko-estewoyid ladan.

Rekomande: GRATÈL, CHOFI, AK ALÈJI

9/09/2018

GRATÈL- CHOFI-AK ALÈJI

GRATÈL, CHOFI, AK ALÈJI

Lè Nou Manyen yon bagay san nou pa ale avèl, Lè nou manje yon manje ki soti sou  nou osinon lè nou pran yon piki, osinon lè nou pran sant yon bagay ki pa ale ak nou sa ka lakòz nou vin gen yon gratèl osinon glòb sou tout kò nou.

Glò Yo fè douk osinon plak anfle ki sanble piki myèl epi yo grate. Yo ka ale vini osinon yo ka mache, yon lè nou santi yon kote, yon lòt lè yon  lòt kote.

Veye pou wè ki reyaksyon yon moun ka fè apwe li pran kèk kalite renmèd, sitou piki penisilinn ak sewòm kont pwazon osinon antitoksin ki fèt ak sewòm chwal. Yon sèl gratèl osinon glòb ka parèt yon ti kadè pwe li pwan piki a. Konsa tou, li ka tann rive 10 jou anvan l parèt.

Tretman Gratèl:


  • Benyen nan dlo fre osinon mete konprès fre (twal mouye nan dlo fe ou dlo glase) kote kap grate ou yo.
  • Kompwès fèt ak dlo avwan fre o dlo lanmidon kapab kalme gratèl la. Bouyi avwan lan nan dlo, koule li, epi sèvi ak dlo a lè li frèt ( lanmidon ka sèvi nan plas avwan).
  • Si gratèl lan rèd, pran yon ti anti-istamin tankou klofeniramin.
  • Pou anpeche yon ti bebe grate kò l, koupe zong li kout, osinon mete gan ou chosèt nan men li.

Rekomande : Vant Fèmal Kolik