9/19/2018

LAFYÈV RIMATIS

LaFyèv rimatis

Se timoun ak jennonm ki konn genyen l. Li toujou tanmen yonn Osinon 2 senmenn apwe moun lan gen malgòj.

Men jan pou nou rekonèt maladi sa a. Nou konn jwen twa siy o kat ladanyo:


  • LaFyèv
  • doulè nan jwenti sitou nan zo pouyèt ak nan zo je pye yo, apre sa zo koud bra yo ak zo jenou yo pran fè yo mal tou. Lè konsa jwenti yo vin anfle epi yo cho, yo vin tou wouj.
  • Gen yon bann tras wouj o ti boul ki parèt anba po a.
  • Nan ka ki pi grav moun lan fèb, souf li kout, li ka gen doulè nan kè tou.
Tretmant:

  • Si nou sispèk li gen lafyèv rimatis, mennen l jwen yon ajan sante paske li ka gen pwoblèm nan kè.
  • Bal  gwo  dòz aspirin. Yon timoun douzan ka pran 2 Ou 3 grenn aspirin 300mg 6 fwa pa jou. Bwè yo ak lèt ki gen ti bikabonat ladan l pou evite doulè lestomak. Si zòrèy moun lan tanmen kònen, desann dòz la.
  • Bal grenn penisilin 400.000 inite yon grenn 4fwa pa jou pandan 10 jou.
Prekosyon pou evite maladi sa a:

  • Pou pa gen lafyèv rimatis la se pou nou kraze kalite magòj sa a bonè ak penisilin pandan 10 jou. Pou tounen gen lafyèv rimatis ankò ak pou pwoblèm kè a pa vin pi mal, timoun ki te gen lafyèv rimatis la yon premye fwa dwe pran penisilin pandan dis jou kou l santi gòj li ap fèl mal. Si li deja bay siy li gen pwoblèm kè a, li dwe pase yon mwa ap pran piki penisilin benzatin. Konsa tou, li ka blije pran l chak jou, jouk li mouri. Tout jan, swiv konsèy doktè a O ajann sante a va ban nou sou sa.

9/17/2018

DOULÈ ZÒRÈY AK ENFEKSYON ZÒRÈY

Doulè nan zòrèy ak Enfeksyon nan zòrèy


Se timoun piti ki pi fasil gen enfeksyon nan zòrèy. Enfeksyon an toujou tanmen kèk jou apre timoun lan gripe O lè nen l bouche. Lafyèv la ka vin cho sou li, Lè konsa timoun lan ap kriye epi lap grate bò zòrèy li. Kèk fwa zòrèy timoun lan konn gen pi. Lè yon timoun piti gen enfeksyon nan zòrèy, sa konn lakòz li gen dyare ak lafyèv. Fòk nou sèten nou gade anndan zòrèy li byen.

Tretman:


  • Timoun ki gen gwo doulè nan zòrèy yo kap koule depi mwens pase de senmenn: ba yo kotrimokasaòl ki gen 80 mg. Trimetiprim ak 400 mg. Silfametoksazòl de fwa pa jou pandan 5 jou. bay timoun 2 mwa rive ennan: mwatye yon grenn: timoun ennan rive kenzan: yon grenn; timoun kenzan O plis: 2 grenn.
  • Timoun ki gen zòrèy yo kap koule depi plis pase de semenn ki pa gen doulè ak lafyèv: pran yon sereng ki pa gen zagwi pou netwaye zòrèy la yon fwa pa jou ak dlo tyèd pwòp. Rekòmanse menm bagay la jouk dlo kap soti nan zòrèy la pwop. Cheche zòrèy la ak yon twal pwòp. Pa bouche zòrèy la ak koton, ak fèy O ak lòt bagay.

Pou  evite maladi a:

  • Moutre timoun yo pou yo pa mouche nen yo, men pou yo siye nen yo lè yo gripe.
  • Pa bay tibebe bibwon. Lè nou blije fè l, pa ba yo bibwon lè yo kouche sou do, lèt la ka pase nan nen yo al nan zòrèy yo pou ba yo enfeksyon an.
  • Lè nen timoun yo bouche, mete kèk gout dlo sale nan twou nen l yo epi rale larim lan met deyò.
Enfeksyon nan kannal zòrèy la:

Nap rale fèy zòrèy la tou dousman. Si zòrèy la fè timoun lan mal, konnen zòrèy la gen enfeksyon. Men sa pou fè. Nap mele 1 kiyè dlo bouyi ak 1 kiyè vinèg, na sèvi ak yon konngout pou mete kèk  gout nan zòrèy la, 3 O 4 fwa pa jou. Si timoun nan gen lafyè v, O si zòrèy la ap fè pi. nou ka bali antibyotik.

ReKomande: KRIZ KÈ

9/13/2018

KRIZ KÈ

Kriz Kè ( Paralizi, Konjesyon serebral, Aksidan ven Sèvo)

Ki fè granmounn yo fè kriz kè, paralizi, sa rive lè yo gen boul sankaye o yon emoraji nan sèvo. Nou de se kriz moun lan fè paske maladi a vini san bay avètisman. Moun lan annik rete konsa li tonbe, li pèdi konesans. Lè konsa, li dekonpoze, souf li kout, batman kè li fo, men li pa rapid. Li ka tonbe nan koma, li pèdi konesans pandan de twazèdtan O kèk jou. Si li pa mouri, li ka gen pwoblèm tankou: pa ka pale byen, pa kalkil byen (tèt la pa travay byen). Konsa tou, tout yon bo figi l ak tout yon bo ko l ka paralize. Lè kriz la fèb ( lè se yon ti kriz li fè) li ka gen menm pwoblèm sa yo san li pa janm pèdi konesans (tonbe nan koma). Men, menm si pwoblèm sa yo pa rive disparèt nèt apre kèk tan, moun lan ka fè yon refè.


Tretman:

Mete Moun lan kouche avèk tèt li pi wo pase pye l. Si li pèdi konesans, voye tèt li yon ti jan sou deyè, epi vire l sou kote, konsa krache li ka koule soti nan bouch li, li pap pase nan ti gojèt li al nan poumon l. Pandan tout tan moun lan nan koma, pa bal manje, pa bal bwè, pa ba l okenn remèd pou l vale. Si gen posibilite voye chahe doktè.

Apre kriz la si moun lan gen pati nan ko l ki rete paralize, ede l mache ak yon baton. Ankouraje l Sèvi ak bon men an poul okipe tèt li. Men se poul evite fè travay lou, evite fè kòlè.

Atansyon:

Si yon jennmoun O yon moun antdezaj rete konsa li gen yon bò figi l ki paralize, san li pa gen okenn lòt kriz kè, se ka yon nè figi l ki paralize, men pou yon tan, pa pou toutan. Apre kèk senmen O detwa mwa, lap pati jan li te vini. pèsonn pa ka di sa ki lakòz maladi sa a. Pa gen remèd pou sa. Men konprès dlo cho ka ede anpil. Si nou gen yon je ki pa ka fèmen, fènmen l ak yon mòso adezif aswè avan nou al dòmi. Kosa,  je a pap cheche.


ReKomande: Glann Pwostat La Anfle

9/12/2018

GLANN PWOSTAT LA ANFLE

Glann Pwostat La Anfle

Maladi Sa a se granmoun gason ki pi fasil genyen l. Lè Konsa glann pwostat la ki chita ant blad pipi a ak gwo kannal pipi a vin anfle.



  1. Moun lan gen pwoblèm pou li fè pipi osinon pou li fè poupou. Pipi a ka dougoute ase, men kannal  pipi  a ka sitèlman bouche moun lan ka pase plizyè jou san fè pipi.
  2. Si li gen lafyèv, se yon siy ki fè nou konnen li fè enfeksyon tou.

Sa Pou nou fè pou moun kap soufri Pwostat:

  • Si moun lan pa ka pipi, lap eseye chita nan yon benwa dlo cho konsa. Si sa pa mache yo  blije mete yon sonn pou li.
  • Si li gen lafyèv ba li antibyotik tankou anpisilin O tetrasiklin.
  • Chache wè doktè. ka ki donnen yo ka blije fè yon operasyon.

ATANSYON:

Sa bon anpil pou nou rekonèt sa ki maladi pwostat ak sa ki maladi ekoulman. Paske toude maladi sa yo kapab bouche kannal pipi a. Si moun lan granmoun, gen plis chans pou se yon pwostat anfle li genyen. Men yon jenn gason ki tee gen rapo ak yon fanm malam (detwa joy O detwa semenn avan) ka gen ekoulman.

ReKomande: PYÈ NAN REN

PYÈ NAN REN

Pyè Nan Ren


Siy kap fè nou konnen se maladi sa nou genyen:


  1. Li komanse ak yon gwo doulè nan ren, sou kote osinon anba ti vant osinon nan rasin pijon pou gason yo.
  2. Kannal pipi a ka bouche. Lè konsa li difisil pou moun lan pipi, li pa ka pipi menm. Oswa nou ka wè ti degout san lè moun lan komanse pipi.
  3. Moun lan ka gen enfeksyon nan aparèy pipi li anmenmtan.

Sa pou nou fè:

  1. Menm bagay nou sot wè talè a lè gen enfeksyon nan aparèy pipi a.
  2. Bay aspirin oswa nenpot lot renmèd pou kraze doulè a, ak yon renmèd pou lache misk yo (anti-espamodik).
  3. Eseye fè pipi kouche. Sa konn pèmèt ti grenn pyè yo woule tounen nan blad pipi a pou kite pipi a pase nan kannal lan.
  4. Nan ka ki grav anpil chache wè doktè. Gen ka ki mande Operasyon.


  • On vè Melas melanje ak Byè chak jou.
  • wap kase ze peyi epiw Pire sitro ladan l, kitel fè twa jou ap  trampe. Apwe bwèl pa 1 kiyè chak jou.
  • Graje Zonyon Peyi, Mete dlo kokoye Ole ladan, metel nan frijidè pou 1è, apwe ou bwe on vè chak jou.

9/10/2018

PLANT AK BAGAY KI LAKÒZ GRATÈl

Plant Ki lakòz Gratèl

Chadwon, plant ki gen pikan, pwa grate, ak anpil lòt plant ka lakòz zanpoud, boule osinon glòb ak gratèl leve sou po moun, Gen Kèk chini ak kèk lòt ti bèt ak zèl ki bay menm reyaksyon an tou. Gen bèt ak plant nan lanmè ki konn bay sa tou.

Nan moun kap fè alèji, lè chofi, o gratèl kap bay sòs parèt sou kò li, se ka kèk bagay ki touche ak po a O yo mete sou po a. Soulye kawotchou, brasle mont, remèd pou zòrèy ak lòt remèd, krèm pou figi, odè ak savon, tout bagay sa yo ka lakòz pwoblèm sa yo tou.

Tretman:

Tout isitasyon sa yo al fè wout yo pou kont yo lè bagay ki lakòz yo a pa touche po a ankò. Yon pat fèt avèk avwan O lanmidon mele ak dlo ka ede kalme gratèl la. Aspirin ak anti-istamin ka ede nou tou. Lè ka grav, nou ka sèvi ak krèm ki gen kòtizon O kòtiko-estewoyid ladan.

Rekomande: GRATÈL, CHOFI, AK ALÈJI

9/09/2018

GRATÈL- CHOFI-AK ALÈJI

GRATÈL, CHOFI, AK ALÈJI

Lè Nou Manyen yon bagay san nou pa ale avèl, Lè nou manje yon manje ki soti sou  nou osinon lè nou pran yon piki, osinon lè nou pran sant yon bagay ki pa ale ak nou sa ka lakòz nou vin gen yon gratèl osinon glòb sou tout kò nou.

Glò Yo fè douk osinon plak anfle ki sanble piki myèl epi yo grate. Yo ka ale vini osinon yo ka mache, yon lè nou santi yon kote, yon lòt lè yon  lòt kote.

Veye pou wè ki reyaksyon yon moun ka fè apwe li pran kèk kalite renmèd, sitou piki penisilinn ak sewòm kont pwazon osinon antitoksin ki fèt ak sewòm chwal. Yon sèl gratèl osinon glòb ka parèt yon ti kadè pwe li pwan piki a. Konsa tou, li ka tann rive 10 jou anvan l parèt.

Tretman Gratèl:


  • Benyen nan dlo fre osinon mete konprès fre (twal mouye nan dlo fe ou dlo glase) kote kap grate ou yo.
  • Kompwès fèt ak dlo avwan fre o dlo lanmidon kapab kalme gratèl la. Bouyi avwan lan nan dlo, koule li, epi sèvi ak dlo a lè li frèt ( lanmidon ka sèvi nan plas avwan).
  • Si gratèl lan rèd, pran yon ti anti-istamin tankou klofeniramin.
  • Pou anpeche yon ti bebe grate kò l, koupe zong li kout, osinon mete gan ou chosèt nan men li.

Rekomande : Vant Fèmal Kolik

9/02/2018

VANT FÈMAL (KOLIK) AK KONJESYON

Vant Fèmal Kolik

Depi Yon fanm gen doulè  sou bò gòch osinon sou bò dwat vant li, Yo rele sa doulè vant osinon vant fèmal. Doulè a konn mache al nan mitan do a. gen divès maladi ki ka bay sa:

  1. Enfeksyon nan aparèy pipi a (ren, blad pipi a, kannal la).
  2. Enfeksyon, kis, timè nan matris osinon nan ovè yo.
  3. Kolik, gaz.
  4. Apendisit
Pou trete vant fèmal, chache konnen sa ki lakoz li avan, lè sa na konnen ki remèd pou nou bay.


KONJESYON:

Konjesyon se yon non yo sèvi pou divès maladi moun ka fè konjesyon ( nan tèt, nan Poumon, nan lestomak, nan kò yo).

Yo di yon moun fè konjesyon, lè li manje manje li pa fèt pou manje, manje yo di ki pa bon pou li, yon manje ki pa ale avèl, lè lap pran yon kalite renmèd, lè li anrimen, lè yon fanm fin akouche. Pou yo pa fè konjesyon, anpil moun malad, anpil fanm fin akouche pa manje yon seri manje ki ta byen bon pou yo.

Men yon seri maladi moun yo rele Konjesyon:

  1. Deranjman nan manje gate: sa bay vomisman, dyare, kolik ak feblès.
  2. Alèji: Gen moun ki pa tolere yon seri manje (lanbi, chokola, eletriye) osinon yon seri medikaman, osinon piki tankou penisilin. Sa ba yo vomisman, dyare, yo swe frèt, yo gen difikilte pou yo pran souf, bouton ak gratèl parèt sou kò yo epi souf yo anlè. Deranjman nan lestomak, nan trip: Vomisman epi gwo vant fèmal . Difikilte pou pran souf ( ti kriz osinon gwo kriz): nemoni osinon lè yon gwo bagay kole nan gòj yon moun.
  3. maladi ki bay kriz osinon fè yon pati  nan kò yon moun vin pòk: wè kriz, tetanòs, mennenjit, polyo, konjesyon sereblar.
  4. Atak kè. Sa pi fasil rive granmoun

9/01/2018

Tretman Pou Dyare

Divès Kalite Tretman Pou Dyare:

 Men kèk ti konsèy pou nou swiv jan wè malad la ye:

  • Yon ti dyare ki pa rete. Pa gen fyèv (lestonmak li deranje? Grip entestiinal?)
  1. Bwè anpil dlo. Nomalman li pa bezwen remèd. Pou sere moun lan, nou ka ba li yon konpoze kaolen ak pektin, tankou kaopektak, men sa pa janm nesesè. Lè fini sa pap anpeche moun lan manke dlo, ni sa pap edel mete enfeksyon an deyo. Poukisa anko pou nou gaspiye kob achte l? Tout jan  se pa pou nou bay moun ki malad anpil yo, ni timoun ki piti remèd sa a.
  2. Si moun lan gen gwo kolik ak kranp nan vant, Se pou nou ba l yon bagay pou desann doulè a, tankou beladon.
  • Dyare ak Vomisman ( Gen anpil bgay ki ka bay sa)
  1. Si yon moun gen dyare epi lap vomi anmentan, lap manke dlo nan ko li pi vit, sitou pou timoun piti. Se yon bagay konsekan pou nou ba li ti sewom lan, te,kola, osinon nenpot likid li ka bwè. Ba li bwè kèk goje tanzantan chak 5 a 10 minit konsa. Si vomisman an pa rete, Nou ka ba li ti remèd tankou pwometazin osinon fenobabital.
  2. Si  nou pa ka jwenn bout vomisman an , osinon si nou wè lap fin chèch paske li deja manke twop dlo, voyel  nan dispansè,kouri kay doktè avèl.
  • Dyare ak glè epi san. Li pa vle rete . Pa gen lafyèv. (se kapab dyare o ti parizit yo rele amib yo bay.
  1. Sèvi ak tetrasiklinn, metwonidazol osinon  pou pi bon, toulède ansanm. Pran remèd yo jan yo di pou nou pran yo a. Si dyare a pa rete apre tretman sa a , voye li nan dispansè, chache wè doktè.
  • Gwo dyare ak lafyèv, li ka gen san, li ka pa gen san. ( Disantri? Lafyèv tifoyid? Malarya?)
  1. Si moun ki gen dyare a gen lafyèv ki kenbe la pou 6 Zèdtan apre nou koumanse ba li sewom oral la epi si nou ta wè li vle malad anpil, ba li anpisilin si noun kapab, Osinon ba li tetrasiklin.
  2. Si eta moun lan ba anpil. osinon si li pa refè ak anpisilinn lan osinon tetrasiklinn kan ,voye li nan dispanè wè doktè. si nou wè kèk siy ki ta fè nou kwè se lafyèv tifoyid li genyen, ba li kloramfenikol.
  3. Si se kote ki gen malarya falsiparum lan anpil, li bon pou moun ki gen dyare ak lafyèv pou yo pran yon ti klowoki sitou si yo gen gwo larat.
  • Dyare jon, ki gen sant ak kim ladan l, men ki pa gen ni glè.
  1. Se kapab yon ti parazit tou piti yo rele gyadya ki bay li, osinon se ka malnitrisyon ki bay li. Nan toude ka yo, Sèl remèd se ba li anpil likid, bon kalite manje, epi fok li poze ko li. Lè enfeksyon gyadya a grav anpil, nou ka bay moun lan metwonidazol , Mepakrin ( Atarin ) pi bon mache, men li pa bon takou premye a.
  • Dyare Vant mennan ( dyare ki ale vini oubyen ki donnen).
  1. Se malnitrisyon ki pi fasil ka fè sa. Se kapab tou paske moun lan gen yon enfeksyon tankou sa amib bay. Veye pou timoun lan manje plis bon kalite manje sitou manje ki gen anpil pwoteyin ladanl. Si Dyare a pa rete, mennen malad la nan dispansè wè doktè.
  • Dyare ki sanble ak dlo diri. (kolera?).
Rekomande: LaFyèv